Newsletter sa a se 75e edisyon ki soti nan “Bulletin le Ruminant d’Info”: BRI No 150424 de Fetlabel, Inc.. Se yon rezime de nouvèl ENPÒTAN nou reyini pou semèn nan. Nan Newsletter sa a, nap jwenn enfòmasyon ak dokiman sa yo, pami anpil lòt: Enfòmasyon jeneral, refleksyon sosyològ Louis Auguste Joint sou sitiyasyon peyi d Ayiti, sistèm politik nan lemond, kijan emosyon afekte nou, 20 medikaman natirèl, prediksyon de Padre Pio, pwosè de Luc Désir, repòtaj sou Guy Philippe, repòtaj sou Dr. Guerda Massillon, mizik, anons Fwa liv (Foli liv nan Ti Ayiti), lwa moral e espirityèl Wa Salomon, lis bagay Fetlabel fè oubyen pral fè... Konsilte bilten BRI No 150424 pou plis detay. Non pa m se Tercius Belfort Noëlsaint, pou Fetlabel, Inc : www.fetlabel.com . Si w vle ede nou, ou kapab voye yon Zelle, yon chèk oubyen fè yon transfè pou nou nan Bank of America: 1) Bank of America: ACH Routing No: 063100277; Acct No: 2290 5957 1031; (2) Zelle (786 468 9162). Mèsi davans
1. CP A (KONSÈY PREZIDANSYÈL PWOVIZWA A) POKO ATERI. Anpil ayisyen te gentan kontan lè yo tande Konsèy prezidansyèl la te pibliye nan jounal ofisyèl : Le Moniteur. Poutan, se te yon fake news, se te yon nouvèl malatchong. Sa vle di, jouskounye a, CP a poko ateri. E sitiyasyon peyi d Ayiti kontinye ap degrade pi plis chak jou. Koze mande chèz. Bagay yo malouk.
2. ANSYEN PREZIDAN DONALD TRUMP NAN JIJMAN JODIA. Se jodia 15 avril 2024 la pwosè ansyen prezidan Donald Trump lan kòmanse nan New York. Prezidan an te fè jefò pou pwosè a te ranvwaye, men sa pat mache. Se premye fwa nan istwa ameriken yon prezidan ap jije nan tribinal kriminèl.
3. PLIS PASE 100,000 MOUN KOURI KITE KAPITAL PÒTOPRENS. Sitiyasyon vrèman malouk an Ayiti. Tout moun ap kouri, peyi a bloke paske ni ayewopò ni pò yo pa fonksyone. Anba pa monte, anwo pa desann. Gen lapèrèz pou yon gwo grangou pa eklate nan peyi a.
4. GOUVÈNMAN AYISYEN AN KRAZE KAY MALERE. Bandi lakoz Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti fèmen depi kèk mwa. Yo tabli katye jeneral yo toupre ayewopò a pou yo ka kontinye fè dezòd. Lin avyon yo mande pou gouvènman an debarase zòn nan anvan pou ayewopò a louvri. Se nan lide sa a gouvènman an kraze yon santèn kay malere nan zòn ayewopò a. Pwoblèm pap fini.
5. KÈK LANMÒ DWÒL OU MISTERYE:
a. Alexander the Great, Wa Masedwàn,li te mouri apre 2 mwa maladi enkoni, ki te rann li imobil epi baba, jou 13 jen 323 BCE.
b. Grigori Rasputin, yon otorite Leta Larisi, te asasinen an 1916; istwa rakonte pwazon pat touye li; li te tèlman difisil pou mouri, yo te oblije mare men li e jete l nan Rivyè Neva, e menm lè sa , li tap debat ant lavi e lanmò. Yo panse li te yon mistik ki te bay lanmò defi, ki te enmourab.
c. Edgar Allan Poe: Yo te jwenn mesye sa a ap debat ak lanmò nan Baltimore jou 3 oktòb 1849. Li pat kapab pale. Apresa, yo te jwenn li moribon ak lòt rad sou li; finalman, li te mouri.
d. Amelia Earhart: Jou ki te 2 juiyè 1937, Amelia ak Fred Noonan te vle fè wonn latè nan avyon pou premye fwa. Malerezman, yo pa janm retounen, e pèsonn pa konnen sak te rive yo.
e. Prezidan Zachary Taylor. Apre selebrasyon jou 4 juiyè 1850, prezidan ameriken Zachary Taylor te tonbe malad de kranp ak dyare. Li te vin tèlman dezidrate, li pat mize mouri apre 4 jou agoni.
f. J.F KENNEDY. Pou plizyè moun, se Lee Harvey Oswald ki te tire ansyen prezidan J. F. Kennedy nan tèt jou 22 novanm 1963 pandan l te sou yon 'motorcade' nan Dallas, Texas. Pou anviwon 65% ameriken, se te tout yon konplo ki te mare pou touye prezidan an. Yo panse se pa reyèlman yon 'Magic Bullet Theory" ki kapab esplike kijan Prezidan an te mouri. Gen plizyè moun yo panse ki ta komèt krim sa a: Yo nonmen Vis prezidan Lyndon B. Johnson, Fidel Castro ou CIA, men poko gen yon repons definitif.
g. Wolfgang Amadeus Mozart: Nan lete 1791, gwo mizisyen an pat santi l byen. Li te di madanm li: M kwè m pran nan pwazon. Li te vin refè, men jou ki te 20 novanm, li te rechite, e jou ki te 5 desanm, li te mouri. Yo pa janm jwenn koz maladi a ak lanmò a vrèman.
h. Tycho Brahe. Tycho Braye te yon Astwonòm Danwa. Li t ale nan yon bankè ak yon gwoup pwofesyonèl parèy li. Tycho te santi l gen pipi, men li pat ale nan twalèt, pou l pat deranje lòt moun yo. Lè li te reyisi ale pipi, li pat kapab. Doulè te pran l e se konsa li te mouri. Pou plis ka lanmò makab, wè atik ki plibliye nan MENTAL FLOSS nan dat 4 avril 2024.
6. SENK GWO PEYI KAP DIRIJE LEMOND AN 2050. Selon enfòmasyon nou jwenn nan atik ASHAR JAWAD ekri nan NEWS, men 5 gwo peyi kap dirije lemond an 2050: Germany (GPD $6.14 trillion); United Kingdom (GPD $5.37 billion); India (GPD: $44.13 trillion); China (GPD: $58.5 trillion); United States (GPD $34.1 trillion).
7. MOUN KI ALE KITE NOU: SYANTIS PETER HIGGS & O.J. SIMPSON ALE KITE NOU. Nou resevwa nouvèl lanmò 2 gwo pèsonalite: Syantis anglè Peter Higgs ki te resevwa Pri Nobel Fizik an 2013 pou dekouvèt li te fè de 'Boson';, epi O.J. Simpson ki te yon gwo jwè NFL ki te akize kòm moun ki te touye ansyen madanm li an 1994 (Nicole Brown Simpson ak zanmi li Ron Goldman) nan Los Angeles (CA). Toulede pèsonalite sa yo te fame pou sa yo te reyalize. Tandiske O.J. Simson te yon Etwal nan foutbòl ameriken, Peter Higgs te fame pou dekouvèt li: Le Boson de Higgs ki se yonn nan 4 fòs fondamantal ki egziste nan domèn fizik: entèraksyon nikleyè fò, entèraksyon elektwomayetik, entèraksyon fèb ak entèraksyon gravitasyonèl. Bison yo reprezante fòs enteraksyon fèb yo ('interaction unifiée électrofaible)…
8. EXORCIST FATHER VINCENT LAMPERT. Pè Vincent Lampert se yonn nan 905 egzòsis ki egziste nan 60 peyi nan lemond. Poutan, anpil egzòsis rete anonim. Pè Lampert ekri yon liv ki rele: The Battle Against Satan and His Demons. Nan liv sa a, li rakonte li te resevwa anviwon 1,800 ka kote li te chase demon. An jeneral, se Evèk lokal la ki Egzòsis ofisyel dyosèz la paske se li ki ranplase Apot yo. Se li ki kapab delege pouvwa espirityèl li bay pè yo. Selon Pè Lampert, pè a se tankou doktè primè nou tandiske yon egzòsis se tankou yon espesyalis. Ansuit, Pè Lampert ajoute, egzòsis se pa yon job fasil, paske se yon batay kontini ak lènmi an, men se yon metye kap pwogrese. N a jwenn plis detay nan atik Kevin Ryan ekri nan NEWS.
9. PLANT KONN KRIYE LÈ YAP KEYI YO. Vejetaryen yo pa konn manje vyann paske yo pa tolere soufrans bèt yo. Kounyea, gen yon lòt nouvèl ki kapab fè yo soufri: Syantis yo dekouvri plant konn soufri lè yap keyi yo. Se ak aparèy sofistike moun kapab tande rèl plant yo nan moman rekòt la. Se rezilta rechèch chèchè Lilach Hadany te fè nan Tel Aviv University an 2023. Rechèch la ajoute zannimo yo kapab tande son (rèl) plant yo.
10. REAL-LIFE MULTIVERSE COULD EXIST AND BE 'INFINITELY BIGGER'THAN EVER IMAGINED, SCIENTISTS DICOVER. Selon yon atik Charlotte Edwards te ekri nan The US SUN, otè a di li posib pou ta gen plizyè linivè ki ta pi plis pase sa nou imajine. Sa ta vle di tout sa n wè ak tout sa n pa wè ta pi plis pase sa nou panse. Nou ka jwenn plis enfòmasyon nan sit akademik sa a: ARXIV.
11. ARXIV. ArXiv se yon sous efòmasyon pou anviwon 2.4 million moun save tankou: Fizisyen, matematisyen, syanyis konpitè, byolojis, finansye, enjenyè, ekonomis, eks. Nap raple: chak syans gen yon website ki bay plis enfòmasyon a yon kategpori syantis. Pa egzanp, moun ki etidye edikasyon konnen se ERIC ki premye sous enfòmasyon yo.
12. NUCA CAMERA. Nuca se yon kamera ai ki kapab kreye youn moun toutouni. Kamera a pran foto yon moun epi li imajine kijan moun nan kapab ye toutouni. Kapab gen pwoblèm si yon moun transfòme foto yon lòt san konsantman li.
13. ANIMOTO: KREYE VIDEO PWOFESYONÈL AK ANIMOTO. Ak Animoto, nou kapab kreye video ki fè ladiferans. Li fasil pou itilize epi li gen yon vèsyon gratis.
14. ACTIONIZE CONNECTS GPT TO EVERYONE. Kreyatè pwogram tankou Chatwith, Spell.so ak Gobblebot kreye yon lòt AI: Actionize ki kapab konekte / kominike GPT ak tout bagay. Se sa nou jwenn nan atik Kevin Raposo ekri nan Know Techie.
15. PREDIS.AI. Predis.ai is a powerful combination of ChatGPT, Canva, and Hootsuite that allows you to create almost ready-to-publish but still completely editable social media content in your brand language.
16. TRAVAY PI BYEN E PI RAPID AK AI SA YO: ChatGPT; Gemini (text; research); Claude (review large documents); Otter AI (AI audio Transcriber); Riverside (AI audio Transcriber); Jasper (AI content writer); CopyAI (AI content writer); Trevor (AI scheduling software); Clockwise (AI scheduling software).
17. NEW AI TOOL 'LIVE FOREVER MODE' BRINGS DECEASED LOVED ONES' BACK TO LIFE'. Se tit yon atik Callum Jones ekri nan UNILAD. Live Forever se yon reyalite vityèl ki bay yon moun sansasyon yon defen leve vivan.
UDIO VS SUNO: CHATGPT FOR MUSIC. Apre Suno, Udio vini toutbon pou mizisyen yo. Toulede AI sa yo an konpetisyon; mizisyen kapab chwazi sa yo pito pou kreye mizik yo vle. Konsilte bilten BRI No 150424 online pou plis detay.